Gwoup mizikal lejandè Ayisyen “CARIMI” pral reyini pou yon konsè eksepsyonèl nan “UBS Arena”, nan New York, pou selebre inite, kilti, ak eritaj kominote Ayisyèn nan.
CARIMI se yon fòs enpòtan nan mizik Ayisyèn nan. Yo mete plizyè albòm deyò, ki te resevwa anpilrekonesans, epi yo te fè pèfòmans “LIVE” ki fè moun toupatou nan mond lan sezi.
“Konpa Kingdom”, Anbasadè Karayib Jay Upscale te fonde, gen objektif pou elve endistri mizik Ayisyènnan nan nivo entènasyonal, atravè yon eksperyans espesyal ak pwodiksyon evènman andirèk.
Pou enfòmasyon ki ajou, nou rekòmande pou swiv paj rezo sosyal nou yo: @KonpaKingdom & @JayUpscale.
Pòt yo ap louvri apati 7:30è nan aswè. Konsè a ap kòmanse a 9vè. Nou rekòmande pou moun yo rive bonè !
Adrès UBS Arena se : 2400 Hempstead Turnpike, Elmont, NY 11003
Gen 3 fason pou achte tikè :
Ou ka achte li sou entènèt, sou sit : www.ticketmaster.com
Ou ka telechaje aplikasyon “Ticketmaster” sou aparèy Apple oswa Android ou. Box Office UBS Arena se: 2400 Hempstead Turnpike, Elmont, NY 11003.
Orè Box Office :
Jou ki pa gen evènman: Lendi – Vandredi (Midi pou 4è nan aswè).
Jou evènman: Louvri a Midi, sof si yo gen lòt bagay.
Vizite sit entènèt UBS la, lè li fèmen pandan jou ferye : https://ubsarena.com/box-office
Pou plis enfòmasyon, tanpri kontakte Box Office nan : 516-460-8950.
Moun kap achte an gwoup, ka kontakte Box Office UBS nan : 516-460-8950.
Abiye pou w ka fè enpresyon, chèlbè, nan fason paw.
Tout vant yo final – Pa gen ranbousman.
Tanpri vizite Ticketmaster.com pou plis detay.
Nou rekòmande pou tout moun achte tikè davans, paske pri yo ka monte lè nou pi pwòch dat evènman an. Si tikè evènman an fin vann avan, pap gen tikè disponib pou vann jou swa a.
Vizite Ticketmaster.com pou yon plan ki konsène kote wap chita, ak karakteristik kategori yo.
“VIP Meet & Greet” se yon tikè ki bay fanatik la opòtinite pou rankontre CARIMI fas-a-fas. Li gen ladan yon atik souvni CARIMI Edition ki limite ak yon foto dijital ak gwoup la aprè konsè a.
UBS Arena pran angajman pou bay aksè ak akomodasyon pou tout envite yo. Tanpri, pa bliye ou lib pou itilize ADA Guide Gid ADA” pou plis enfòmasyon, avan ou rive nan UBS Arena.
Pou plis enfòmasyon, oswa asistans, tanpri voye yon imèl nan ada@ubsarena.com – oswa rele nan nimewo asistans aksesibilite UBS Arena a nan : 516-460-8598. Jou evènman an, ou ka voye yon tèks sou nimewo asistans UBS Arena nan : 205-UBS-HELP (205-827-4357).
Pa gen restriksyon laj. Sepandan, envite ki poko gen 18 lane, ta dwe gen yon paran oswa yon responsab avèk li. Tout patisipan dwe gen yon chèz ak tikè.
Nou rekòmande pou pran “LIRR” pou ale, epi soti nan “UBS Arena”. 30 minit sèvis tren dirèk ap disponib nan “Grand Central Madison” ak “Penn Station”, rive nan Estasyon “Elmont-UBS Arena”.
Pou verifye orè tren yo, tanpri vizite : MTA.info oswa telechaje aplikasyon : TrainTime App.
Navèt gratis disponib ant UBS Arena ak Estasyon Elmont-UBS Arena.
Wi. Pakin ouvri 2zèdtan anvan pòt yo louvre, epi li fèmen 90 minit aprè evènman an, sof si yo di lòt bagay. Pakin disponib pou achte anvan evènman yo, atravè ParkWhiz oswa Ticketmaster upon checkout when purchasing your ticket.
Tout machin ap ka pake atravè “Cross Island Parkway”, sòti 26A, 26B, ak 26D. Navèt gratis ap disponib ant UBS Arena, Emerald Parking, ak Estasyon Elmont-UBS Arena. Belmont Park Garaj, sòti 26A. Diamond, Ruby, ak Silver Parking Sòti 26B (Hempstead Turnpike East). Emerald Parking Sòti 26D: Navèt gratis disponib ant pakin sa a ak arena a.
Achte pakin davans, pi rekòmande pou tout evènman UBS Arena yo. Pakin anvan evènman yo ap vann jiskaske pakin yo ouvri pou evènman an.
Tanpri, sonje ke pakin nan anpil. Lari rezidansyèl ki tou pre Arena a entèdi.
Pa gen kote ki disponib pou depoze manto.
Pa gen okenn manje oswa bwason ekstèn ki pèmèt nan UBS Arena. Sepandan, ap gen kyòs manje ak bwason ki disponib pou patisipan yo achte.
Zam nenpòt kalite, ki gen ladan gaz, esprey piman, kouto, objè pwenti, baton, taser (materyèl ki bay moun kouran) elatriye.
Valiz nan do tout gwosè. Sak ki pi gwo pase 12″ x 12″ x 6″ ap sibi tès radyografi oswa tès vizyèl, depann sou gwosè sak la.
Ekipman kamera pwofesyonèl (tankou: lantiy detachable; lantiy ki pi long pase 3″; flash ekstèn; monopod; bipod; tripòd; elatriye).
Afich piblisite / Echantiyon Pwodwi
Atik pwomosyonèl, Afich piblisite, oswa materyèl enprime pa ka distribye san pèmisyon ekri nan men UBS Arena ak/oswa lokatè li yo. Echantiyon pwodwi ak distribisyon yo entèdi andedan an, ak deyò batiman an.
Patisipan yo ka achte machandiz inik, edisyon limite CARIMI Konpa Kingdom, lè yo vizite “UBS Arena” nan sware konsè a ki se 27 desanm 2024. Ou ka wè machandiz la sou sit entènèt https://konpakingdomlive.com/
Wi. Tikè yo ap antre nan “Pre-Sale” depi 10zè nan maten, nan Mèkredi 23 oktòb sou Ticketmaster.com. Sèvi ak kòd pwomosyon “KINGDOMLOVE” pou jwenn aksè.
Vizite https://konpakingdomlive.com/ pou enskri pou pwomosyon, mizajou evènman, ak notifikasyon aksè bonè pou evènman kap vini yo.